Konpòs la se yon angrè òganik ki fèt a pati de materyèl òganik ke ou ka pweske jwenn tout kote, nan jaden ou, nan lakou lakay ou ak lòt kote ankò. Konpòs la se materyèl òganik ki dekonpoze tankou rès plant, rès manje, twalèt bèt ki pwal transfome sou aksyon ti bèt ki gen nan tè an sa nou rele an fransè micro-organismes yo ki pwal bay prodwi fen ke ou ka melanje ak tè le wap fè jaden.
Moun fe konpòs pou amelyore fetilite yon tè, menm jan nou te ka itilize angrè chimik, men kòm nou konnen tout pwoblèm ki genyen avèk konsekans negatif yo bay, nou itilize konpos la kise yon angrè òganik e ki fasil pou fèt pou amelyore fetilite yon tè ak lòt avantaj ankò.
Pwosesis pou fè konpòs
Lè w ap fè konpòs, ou dwe dabò chèche matyè òganik epi fè yon lo ak yo, ti bèt ki nan matyè sa yo ak vè e kèk ensèk pwal dewoule kèk aktivite ki pwal pèmèt dekonpoziyon an fèt pouki vin bay yon prodwi fen jan nou te di l pi wo a.
Si w vle fè yon konpòs ki reyisi, ou dwe rèspekte 4 pwen sa yo
- Ki kategori matyè òganik
- Lè
- Imidite
- Tanperati
Savledi pwosesis konpòs la ap bon si matyè òganik yo diferan nan ka sa a vitès dekonpozisyon an ap asosye. Fòk materyèl yo byen ranje, savledi fòk ou mete yo yonn sou lòt, mete sa ki pran plis tan pou dekonpoze yo anba e konpòs la dwe gen yon otè de 1 m a 3 m sou 3 yon fason pou tanperati li ka ekilibre pou pèmèt dekonpoziyon an fèt pi byen.
Yon bon pwosesis dekonpozisyon pase pa 3 faz yonn apre lòt
- Yon faz echofman (chalè)
- Yon faz refwadisman
- Yon faz matirasyon
1. Faz echofman
Nan faz sa a gen anpil chalè kap prodwi nan pil konpòs lan, nan faz sa a pati ki pi di nan matyè òganik yo ap dekonpoze.
Pou sa byen fèt ou dwe asire w ke matyè òganik yo varye, gen ti bèt nan matyè òganik yo sa nou rele micro-organisme yo, fòk gen oksijèn ki prezan e fòk gen dlo. Si tout kondisyon sa yo reyini, ou mèt asire w ke matyè òganik sa yo pwal kòmanse dekonpoze.
Faz sa a ap kòmanse 4 a 5 jou apre tout kondiyon sa yo fin reyini e lap dire 1 a 2 semèn. Kòm nou konnen chalè tiye mikròb, nan pati sa a chalè kap degaje an tiye tout mikròb ki pa bon pou moun ni pou plant ki gen nan matyè òganik yo.
2. Faz de refwadisman
Lè w pwal antre nan faz sa a wap wè tanperati konpòs lan kòmanse bese, pwal kòmanse gen lòt ti bèt kap devlope e ki pwal transfòme materyèl òganik yo an imis. Nan mitan pil matye an pwal imid e cho. Dire faz sa a pwal depan de fason ou fè pil la, materyo ou itilize, swen ou ba li e klima an, li ka dire kelke mwa.
3. Faz de matirasyon
Se dènye faz la, lè sa tanperati an ap desann pou li rive nan menm tanperati ak tè an. Ou pwal wè gen lòt bèt ki pi gwo ke bèt nou te jwenn nan lòt 2 faz avan yo ki pwal parèt tankou vè de tè, tèmit ak lòt ankò.
Pou w konnen si konpòs lan bon ou ka itilize yon bwa kite la depi nan kòmansman ki pou pèmèt ou pi byen kontwole tanperati an, wap retire bwa sa w’ap touche l nan pwent kite anndan nan mitan konpòs la, si tanperati l egal ak tanperati kò w li bon. Oubyen lè w wè konpòs la fen epi li ba ou koulè tè.
Nan pwochen atik lan nou pwal montre w kijan ou ka fe konpos ak kek materyo espesifik.
Sous
- Agromisa, agrodok no 2, agrodok no 11
- Djakout peyizan
- Agrodok
- FAO, soil management.
Markenrood JEAN DEDIEU, etidyan nan agwonomi.



Laisser un commentaire