Tirèt senkyèm seksyon nan savann di bwa, komin marigo, depatman sidès, yon kote sa gen lontan kilti bannann nan ap evolye. Nou te kontre Mesye Oxygène Casséus, yon kiltivitè ki tap pale nou de plantasyon bannann nan zonn nan kote nou te vizite yon jaden bannann li genyen.
Mesye sa fè konnen ke moun soti tou patou vin pran bannann nan zonn sa, li fè konnen ke zonn sa pa janm pa gen bannann alòske akayè konn gen epòk li pa genyen.
-Kisa ki fè zonn sa poko ka pran devan akayè nan kilti bannann?
-M. Casséus : se paske yo gen plis tè pase nou.
-Konbyen rekòt ou konn fè nan yon jaden bannann?
-M. Casséus: nomalman nou fe 2 rekòt, nou te ka fè 3, men nou pa fè l paske nou pa vle epwize jaden an, moun ki fe 3 rekòt yo, rasin bannann yo vin paka kenbe, nenpot ti van jete yo. Yon douzenn bannann pou 7500 goud, donk lè mwen vann 500 pye mwen fè 307.500 goud.
-Ki kote nou vann yo?
-M. Casséus : Se machann ki vin pran yo nan jaden an.
-Poukisa nou wè gen jaden nan zonn nan ki pèdi?
-M. Casséus : Sa se jaden moun ki pap al nan fòmasyon lè genyen nan zonn nan, yo di se radote moun yo vin radote. Mwen menm mwen ale, mwen pran lot bagay mete ak sa mwen te deja genyen yo, mwen vin travay pi byen.
-Detaye pou nou kèk etap, kijan ou fè jaden pa w la?
-M. Casséus : Dabò mwen prepare tè a.
- Debwazman (mwen retire gwo pye bwa yo)
- Netwayaj (mwen retire woch, pay bwa ak lot fatra)
- Labouraj (ak machin oubyen ak pikwa)
- Preparasyon pikèt, savledi mwen fe pitaj
- Mwen fouye twou bannan (60 santimèt lajè, 60 santimèt fondè)
- Mwen kite twou yo pran 15, 22 oubyen 30 jou avan mwen plante bannann nan, yon fason pou solèy ka gentan touye tout vèmin ki nan tè an kite ka atake bannann nan.
–Peryòd de plantasyon
- Mwen rache plan (500 a 600 plan bannann),
- Mwen dekale plan bannann nan, retire tout mak nwa,
- Mwen prepare plan yo ak medikaman tankou vidat, ridomil, mwen lave plan yo ak medikaman sa yo,
- Mwen kouvwi plan yo pandan yon peryòd de 10 jou anba pay.
– Plantasyon
- Mwen mete fimye tankou bagas, nan chak twou bannann, mwen mete yon mamit tankou mamit bè yo,
- Premye tè mwen retire nan twou an mwen mete l apa pou mwen ka mete l sou fimye ki nan twou a,
- Mwen bwase fimye a ak tè ki nan twou a,
- Mwen ouvwi tè a, mwen mete bannann nan epi nou kouvwi yo ak lot tè.
Nan 15 a 30 jou tout bannann dwe gentan leve.
– Kijan Ou wouze jaden an? (irigasyon)
- Mwen tann lapli,
- Si pa gen lapli, mwen fè kannal sou chak liy bannann yo.
–Swen sīplemantè
- Mwen fè kawotaj, mwen tou bay fimye tou,
- Dezyèm fimye (kaka poul, bagas),
- Mwen fè saklaj chak 15 jou oswa 22 jou,
- Yon fason pou nou ka jwenn yon dezyèm rekòt, mwen retire tout kreyol yo, mwen kite yon sèl pye pa pokè (twou),
- Mwen wouze chak 8 ou 22 jou selon estrikti tè a.
-Ki varyete bannann ou plante?
-M. Casséus : Miske
-Kijan de maladi ki konn atake jaden bannann ou yo e kisa ou konn fè lè w wè sa?
-M. Casséus : sigatoka nwa, mwen konn fè aspesyon ak vidat, ridomil, men sa gen kèk ane depi mwen pa wè maladi sa yo aprè sa se ensèk ki konn atake jaden yo. Jaden mwen toujou donnen sou 6 mwa edmi a 7 mwa. Nou plante tout lè nan zonn sa men mwen menm mwen plante nan fevwiye rive jiyè.
Markenrood JEAN DEDIEU, etidyan nan agwonomi.




Laisser un commentaire